SYNTHESE DE L'ACTUALITE DE LA SEMAINE

Haïti : Budget de guerre et montée de l'Insécurité – Jusqu'où le pays pourra-t-il tenir ?

Synthèse des grands titres de l'actualité haïtienne du 13 au 20 avril  2025 Haïti traverse une semaine marquée par des événements majeurs qui illustrent l’ampleur des défis politiques, sociaux et sécuritaires auxquels le pays fait face. Alors que le gouvernement réclame des réparations historiques à la France et annonce un budget de guerre de 323 milliards de gourdes pour 2024-2025, la situation sécuritaire se dégrade de jour en jour. Les gangs armés continuent de semer la terreur à travers le pays, menaçant les infrastructures publiques et la vie des citoyens. Dans ce contexte difficile, la question se pose : Haïti pourra-t-il surmonter cette crise et restaurer la paix et la stabilité ? POLITIQUE  Haïti réclame la restitution de la rançon imposée par la France À l’occasion du bicentenaire de l’ordonnance de 1825, le Conseil présidentiel de transition (CPT) a officiellement exigé la restitution de la rançon de 150 millions de francs-or imposée par la France pour reconnaître l...

Ayiti/Sante : Otorite yo konfime gen 2 moun ki gen kowonaviris, popilasyon dwe pare pou fè fas ak pandemi a



Nouvèl la fenk tonbe :"Gen 2 ka Kowonaviris (COVID-19) ki tèste pozitif". Se prezidan Jovenel Moïse, an prezans premye minis Jouthe. ki sòt fè anons la nan yon "pwendprès" nan Palè Nasyonal. Rapid vit, otorite yo pran yon ansanm mezi.

Dapre preyidan an, pou fè fas ak pandemi kowonaviris la : 
- lekòl ak izin yo fèmen apati demen vandredi 20 mas la
- kouvrefe soti 8 è nan aswè pou rive 5 è nan maten
- entèdiksyon pou tout rankont ak rasanbleman ki gen plis pase 10 moun
- tout minis ak direktè jeneral yo dwe pran mezi pou fè respèkte sa ki rele distans sosyal la (1 mèt 50 ant 2 moun)
- rotasyon 50% pèsonèl biwo piblik yo
- pò ak èpòt yo fèmen depi aswè a apati minwi
- pinga kont tout fòm mache nwa.

Nap raple yon pandemi se yon maladi ki frape/pwopaje rapidman yon gran kantite moun alawonnbadè sou planèt la. Se pa premye fwa yon pandemi frape lemond, listwa rapòte :
- pandemi "lapès nwa", ane 1347, plis pase 25 milyon moun mouri
- pandemi "grip panyòl", ane 1918, plis pase 50 milyon moun mouri
- pandemi VIH/SIDA, ane 1981, plis pase 32 milyon moun mouri.

Nan ka kowonaviris/COVID-19 la, poko gen medikaman ni vaksen, se prevansyon ki meyè defans pou nou pa trape maladi kowonaviris. Se egalman respèke prensip lijyèn yo. Syantifik yo, nan
"Imperial College de Londres"(1)deklare ke gouvènman yo gen 2 apwòch ki ap ede yo fè fas kare ak pandemi a :
- atenye pwopagasyon an
- eradike viris la.

Otorite peyi Ayiti yo te fè konnen yo pare pou fè fas ak maladi kowonaviris la. Men lè nou konnen se gagote yo gagote lajan peyi a olye yo konstwi lopital, sant sante ak dispansè. Yo pi fò nan koripsyon, vòlò lajan peyi a olye yo ranfòse sistèm sanitè a. Kounye a se popilasyon an pouki enplike an premye nan prevansyon an paske se mèt kò ki veye kò. Nan sans sa, premye sitwayen peyi a, prezidan Jovenel Moïse mande pou popilasyon an pa panike epi kontinye  aplike prensip lijyèn yo.

Enfòmasyon nou pa konfime fè konnen se yon sitwayen "fransè" ak yon sitwayen "bèlj" ki teste pozitif la. Konbit kont maladi kowonaviris la dwe pran yon lòt nivo, nou pap pran e ni nou pap bay. Nap jere men nou, pou li pa mete nou nan traka.

Commentaires