Kiyès Nou Ye – Anba Kayimit
Anba Kayimit se yon espas refleksyon, analiz ak angajman sitwayen. Nou kwè nan fòs pawòl ki lib, senp, men ki chaje ak sans. Se isit la nou mete limyè sou sa k ap pase nan fè nwa.
Nou pa yon ògàn enfòmasyon tankou lòt yo. Nou pa kouri dèyè sansasyon, nou pa jis fè nouvèl. Nou poze kesyon, nou fouye, nou gade bagay yo ak yon koute je kritik, kote vwa tout moun konte.
Misyon nou
- Mete limyè sou verite yo pa vle di
- Fè odyans lan reflechi
- Fè pèp la konprann sa yo pa janm esplike
Valè nou
- Onètete: Nou pa sèvi okenn enterè politik, ekonomik oswa pèsonèl
- Konesans: Chak mo, chak podcast, chak videyo baze sou rechèch
- Kouraj: Nou pa pè bay non ak sa ki mal, ni mete non sou sa ki byen
- Konsyans sosyal: Nou pale pou sa ki pa gen vwa
Sa nou kwè
- Verite pa fè bri
- Pawòl se yon zouti konsyans
- Ayiti merite pou yo enfòme l yon lòt jan
Ekip la
Nou se ayisyen, obsèvatè, analis, ak sitwayen angaje k ap travay pou reyalite Ayiti jwenn lòt fòm ekspresyon. Nou sèvi ak zouti dijital yo (blog, podcast, videyo) pou fè sa nou pa ka di nan lari a.
Patisipasyon w enpòtan
Si w gen sijesyon, kesyon, oswa ou vle patisipe, pa ezite kontakte nou.
Anba Kayimit, se plis pase yon blog...
- Se Ayiti k ap reflechi sou tèt li, ak tèt li, pou tèt li
- Se limyè k ap sòti nan rasin, kote memwa ak konsyans kontre
- Se glas verite kote pèp la gade tèt li san mask
- Se panse lib, se kouraj pou reflechi, se espas kote mo yo pa pè di sa ki dwat
Anba Kayimit, se konsyans ki pran fòm pawòl