Ayiti/Kanaval : Stann kanaval yo boule, yon lòt zak ensekirite.



Nou aprann sou rezo sosyo yo gen dife ki mete sou stann kanaval yo sou Channmas, nan vil Potoprens jodi lendi 17 fevriye 2020 an. Toujou dapre enfòmasyon yo se polisye ki tap manifèste ki komèt zak sila (Vwadlamerik, Rezonòdwès). Gen lòt sous ki fè konnen se endividi yo pa rive idantifye. 

Kesyon m ap poze tèt mwen : se ki enterè polisye yo gen nan zak sa ? Si se pa polisye yo, se ki sa ki mobil aksyon mete dife sa kote ta sanble menm stann prezidan Jovenel Moïse pa epanye ? Kote sekirite piblik te ye ? Kiyès ki tap asire sekirite sit la ? Kiyès zak sa ap pwofite ? 

Yon lòt fwa ankò, ensekirite a pran yon lòt nivo. Chak jou se enkonpetans pouvwa an plas la ke tout moun ap wè aklè. Anpil moun ki ap kòmante aktyalite yo konkli :"Ekip prezidan Jovenel Moïse la ap sèvi ak fenomèn ensekirite a pou fè divèsyon e pwofite rete sou pouvwa a."

ANBA KAYIMIT

Votre temps est précieux, laissez-nous vous tenir informé avec les meilleures nouvelles du jour. Nous effectuons des mises à jour de temps en temps pour vous garantir un contenu toujours actualisé.

Enregistrer un commentaire

Plus récente Plus ancienne