Jodi a, 10 jen 2025, lig foutbòl Angletè a (Premier League) deside pran yon poz sou tranzaksyon achte ak vann jwè yo. Sa fèt paske Koup Mondyal Klèb FIFA a ap dewoule, e yo vle bay espas pou konpetisyon sa a. Pandan jou sa yo, pa gen okenn transfè ki ap fèt, tout klèb oblije tann jouk konpetisyon an fini.
Konpetisyon Koup Mondyal Klèb FIFA 2025 la ap kòmanse samdi 14 jen 2025 epi l ap fini samdi 12 jiyè 2025. Se premye fwa li ap fèt ak 32 ekip, e se Etazini ki ap òganize tout match yo atravè plizyè vil. Premye match la se Al Ahly ki ap jwe kont Inter Miami, jou ki ap 14 jen a 8:00 p.m nan Hard Rock Stadium, Miami.
Men transfè ki te gentan fèt avan poz la:
- Chelsea achte jèn atakan Liam Delap nan men Manchester City.
- Manchester United siyen ak Matheus Cunha, yon atakan brezilyen ki te jwe nan Wolverhampton
Pandan ti poz sa a, atansyon tout moun ap sou Koup Mondyal Klèb la. Se okazyon pou wè pi bon ekip mond lan jwe ansanm, epi pou obsève si nouvo jwè yo ap gentan jwe ak nouvo ekip yo.
Kesyon pou fanatik yo:
Èske ou panse transfè Liam Delap ak Matheus Cunha yo ap pote plis efikasite nan atak Chelsea ak Manchester United a ?
Pataje opinyon ou!