Apre defèt yo (0–1) kont Arabi Sawoudit, Grenadye yo ap prepare pou dezyèm match nan kad Gold Cup la, kont Trinidad & Tobago, jodi jedi 19 jen a 6:45 PM nan Shell Energy Stadium, Houston. Tout je fikse sou Ayiti: eske seleksyon nasyonal la ka rekanpe sou de pye militè li ? Pèdi pa opsyon. Yon lòt defèt ka mete Ayiti sou wout eliminasyon. Men, malgre mank de gòl ak erè defans, ekip la montre kouraj ak detèminasyon. Kont Trinidad ak Tobago, li lè pou kouraj sa tradui an rezilta. Anpil jounalis èspòtif ak konesè nan domèn foubòl panse ke Ayiti dwe jwe yon lòt fason.
Premyeman, li enpòtan pou ekip la metrize mitan teren an, paske se la yo ap kapab koupe souf advèsè a. Si jwè tankou Steeven Saba ak Bryan Alcéus jwe wòl yo ak efikasite, yo ka kase ritm Trinidad la epi kontwole distribisyon balon yo. Epitou, seleksyon an dwe jwe sou avantaj vitès atakan li yo. Yon konbinezon ant Nazon, Pierrot, ak Prunier kapab mete tèt chaje sou defans advès la, ki souvan louvri. Men sa mande presizyon nan fason yo ap konkli aksyon yo, yon aspè kote nou te fè erè nan premye match la.
Anplis, pa dwe gen okenn repètisyon fot defansiv ki kapab lakoz penalite, tankou sa ki te kloure nou kont Arabi Sawoudit. Kominikasyon, serenite, ak reyaksyon vit se eleman kle pou evite balans lan panche kont nou. Finalman, se tan pou nou jwe pi fò sou kout pyè fikse (koufran, kònè ak penalite). Ayiti gen avantaj fizik e sa dwe itilize l avèk entèlijans sou kònè ak koufran. Yon gòl sou aksyon konsa ka fè diferans lan.
Analiz sa bay espwa ke Grenadye yo ka ranpòte match sa a ak yon skò 2–1, si tout eleman yo mache ansanm. Trinidad ak Tobago se pa yon advesè ki enprenab, men se yon ekip ki ka pike si ou pa veye. Disiplin, òganizasyon, ak grenn lespwa ka mete 3 pwen sou kont Ayiti. Se pou sa, fanatik yo gen yon wòl pou jwepatisyon pa yo tou.Grenadye Alaso!” se pa sèlman yon slogan. Se yon rapèl sou istwa, sou rezistans, sou lanmou pou drapo a. Ann mete presyon sou rezo sosyal, ann kwè nan ekip la, paske batay la poko fini!