SYNTHESE DE L'ACTUALITE DE LA SEMAINE

Haïti : Entre dérive et iunefficacité.

  Synthèse des grands titres de l'actualité haïtienne du 20 au 27 avril  2025 Depuis avril 2024, Haïti est plongé dans une crise sécuritaire de plus en plus grave, avec des gangs qui prennent le contrôle de villes clés comme Carrefour et Kenscoff, imposant leur pouvoir sans opposition des forces de l'ordre. L'inefficacité des autorités et le manque de réponse coordonnée ont amplifié la violence, tandis que des actes extrêmes, tels que l'enrôlement forcé d'enfants par les groupes armés, aggravent le chaos. En réponse, des programmes de réhabilitation pour les jeunes délinquants et des appels à un soutien international renforcé émergent comme des solutions possibles, mais la crise humanitaire, politique et économique demeure une menace constante pour l'avenir du pays. SOCIETE Depuis avril 2024, la commune de Carrefour est sous le contrôle total des gangs, avec Christ-Roi Chéry, alias Kris-La, imposant son autorité sans opposition des forces de l'ordre. Dans u...

Lit popilè : E si nou goumen yon lòt fason ?



Si nou vle kondisyon lavi nou chanje, nou gen obligasyon pou  rasanble fòs nou epi fè fas kare kont sistèm eksklizyon k ap souse san nou depi 1804. Sepandan fòk nou pa konfonn vitès ak presipitasyon paske sistèm ki anfas nou an konn kijan nou abitye lite e yo konn kijan pou yo pare kou nou yo.


Pwovèb la di pise gaye pa kimen, se poutèt sa nou dwe kole tèt nou, makònen fòs nou. Sa ki pi enpòtan se pou nou mete sou kote tout sa ki ka divize nou. Ti diferans ki gen nan mitan nou pa sipoze anpeche nou fè yon sèl. Pa bliye :

 - yon sèl nou fèb

 - ansanm nou fò

- ansanm ansanm nou ka transfòme kondisyon lavi nou.


Rive kole tèt nou vle di mete bon jan òganizasyon nan kominote kote tout moun ap patisipe. Answit nou dwe regwoupe plizyè òganizasyon pou nou brase lide pou yon transfòmasyon total. Se konsa nap rive tabli yon sosyete sivil  djanm ki kapab sèvi baz pou inisyativ sitwayèn.


Pèp Ayisyen pase tout tan li nan kraze brize, poutan revandikasyon mas la toujou rete menm jan. Pandan kondisyon lavi popilasyon ap deteryore chak jou, gen yon ti minorite ki ap pawaze nan liks. Sistèm nan metrize fason nou batay e toujou gen plizyè kou an avans.


Nan dènye ane sa yo, nou fè eksperyans yon lòt fason popilasyon an ka goumen. "Tchalendj" Kot Kòb Petwokaribe a te pote rezilta nan sans li bay aloufa dwèt long siperyè yo pwoblèm e sistèm nan oblije parèt pwent tèt li pou bwouye efò popilasyon an. Nou pap dekouraje paske batay kont koripsyon an fenk kòmanse.

Chita plenyen pap pote rezilta paske sistèm nan pap menm grate ba nou santi. Se poutèt sa nou dwe itilize lòt strateji pou ansanm nou fè lide nou fè yon sèl. Pami strateji sa yo nou jwenn : siyen petisyon - vote nan sondaj - reponn kesyon ankèt - prepare kaye revandikasyon ak lòt resous ki disponib. Pawòl la pèp k ap lite pa janm pedi batay. 

Anba Kayimit ajoute pèp ki itilize bon strateji pou lite pap janm pèdi batay.

Commentaires